Skip to content
Home » Articles

Manman Rutschelle Guillaume mouri

Move nouvel pou endistri Mizik Ayisyen an. Nan yon nòt Ki pote siyati manadjè Rutschelle Guillaume nan, Samuel Lamery fè konnen Manman Atis la , Madam Loriane Guillaume, rann souf li nan dat 12 jiyè 2023 nan lè midi.

Loriane Guillaume Se te yon moun tout moun renmen, Ki renmen lavi epi Ki gen toujou pataje anpil lajwa bò kote l. Se sa nou li nan Dezyèm paragraf nòt pou laprès la.

Toujou selon staf manadjeryal RG a, manman atis la se te yon moun Ki te jwe yon gwo wòl pou li nan karyè l. Li te pase tan l, selon menm not la, nan pataje lanmou ak atis la epi nan pote gwo sipò moral pou li. Se Sa k fè , si n ka kwè pawol manadjè a, lanmò Manman Ruth la kite yon gwo vid nan kè tout moun Ki te konnen l yo lè l te vivan.

JUNIOR LUC JOURNALISTE/ DUKING SHOW

Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *