Skip to content
Home » Articles » Darline Desca, OTAN!

Darline Desca, OTAN!

  1. Darline Desca, OTAN!

Darline Desca ! Non sa a raple m detèminasyon, fòs ak kouraj. Mwen pral pale de yon atis fanm ki gen 6 album ak 2 gwo tit entènasyonal nan karyè l. Yjon atis ki te komanse senp. Men, san nou pa konnen ki mirak, ki fè yon vòldefas.

Menm jan Dieunou Maurice te ka di l, antanke fanatik, mw gen dwa gen jijman pa m sou yon mizik oubyen yon albòm yon atis san mwen pa denigre atis la. Senpleman, paske jijman pa sinonim denigreman. Mwen pa vle pèsonn konprann mw ap vinn fè atis la moral ni anpeche l mete lajan nan pòch li. Se pa sa a ditou, men pito mwen vle raple atis la yon ansanm prensip ak teyori sosyete a mete yo dakò sou li.

Menm si mond lan ap chavire, yon zèv da ap toujou charye dèyè l yon angajman. Pou pi senp, Za se angajman. Se sou konklizyon sa a moun ki fè rechèch avanse sou zèv atistik yo antann yo. Sa vle di, atis yo pa ta imajine ki kantite responsablite ki peze sou do yo. E, lè m pale de atis, m ap pale de kelkeswa domèn atistik la sa vle di : Penti, dans, teyat, literati ak mizik elatriye.

Mwen fè rapèl teyorik sa a parapò ak yon mizik m tande sou nouvo albòm Darline Desca ki rele FAS A FAS. Mizik la gen pou tit « Manyenm la » se Kenny Haiti ki featuring sou li. An reyalite, mizik la ki gen yon groove ki move anpil. Sa ki ap pèmèt li kapte atansyon moun. Poutan, lè m byen pran sanm pou m tande pawòl ki nan mizik la ak founi je gade videyo a, m di tèt mwen kisa ki dwe ap pase nan tèt Darline Desca la konsa a.

“Men lòbèy, gade yon bagay m santi l rive nan kè m ban mwen l san fè rabè” sa se yon ekstrè an kreyòl mwen tire nan tèks la. Mwen imajine, yon paran k ap tande mizik sa ak pitit li, epi timoun nan di l papa oubyen manman, kisa sa vle di.

Otrefwa, mwen gen yon znmi ki idantifye m sou yon pòs facebook epi li poze yo kesyon.li mande ,kisa atis fanm ayisyèn yon enspire jèn demwazel yo ? Lè m finn wè pòs la, mwen te reflechi anpil paske selon mwen , kesyon te gen tout plas li.

Nan sikoloji , sosyoloji ak kominikasyon, yo fè konnen kelkeswa moun nan , se rezilta sa l’ap viv ak sa l’ap tande chak jou. Se sa yo rele nan lang franse a « stéréotypes ». Yo timoun ki leve nan yon fanmi k ap gen joure chak jou p’ap devlope relasyon moun ak moun li menm jan ak yon ti moun ki leve nan yon fanmi ki gen lapè ak linyon. Se yon fason pou n di, si nou vle timoun yo leve nan yon liy dwat gen lide nou dwe epanye yo.

Otan !

JUNIOR LUC JOURNALISTE/ DUKING SHOW

Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *