Skip to content
Home » Articles » Men youn nan bagay ZAFEM dwe jere..

Men youn nan bagay ZAFEM dwe jere..

Men youn nan bagay ZAFEM dwe jere…

Menm jan ak ENPOSIB nan avan lane 2020 yo, anpil moun panse Zafèm se nouvo souf konpa dirèk la. Si yon moun panse l konsa , li pa peche an reyalite. Dayè nou tande mizik yo, li teks ak gade imaj ak videyo premye pefòmans djaz la. Poutan, mwen panse gwoup la ap jwe ak yon domèn  sansib nan karyè l . M’ap pale de aspè kominikasyon. Si l pa jere sa a, aprè 10 lane, responsab gwoup la gendwa bezwen yon esktrè nan pwòp pèfòmans liyo, li pap ka jwenn li.

Lide sa vini nan tèt mwen , lè nan kad sòti ofisyèl fòmasyon mizikal la, 8 jiyè 2023, nan Mellrose Balroom, mwen ale sou paj facebook Zafèm nan , epi m wè yon layv amatè k’ap difize sou paj la.M sezi, m di O ? zafem ki ap fè sa a ? Piske m te anvi gade pèfomans yo, m kontinye enjoy kanmèm. M pral sezi  nèt, se lè youn ou de jou aprè, responsab yo sòti yon « Nòt pou Laprès »  pou remesye tout moun ki te deplase vinn sipote ekip la. Sa a li menm, te poze pwoblèm ni sou fòm ni sou fon.

Premyeman, yon « Nòt pou Laprès » ekzije yon difizyon touswit bò kote medya yo. Sa vle di, pi bon fòm nan ta dwe yon « kominike pou Laprès ». Li menm yo itilize l pou jis enfòme laprès sou yon desizyon yon enstitisyon pran. Dezyeman, ni  kominike ni nòt pou laprès egzije yon fòm pou yo ekri. Dat, kote li ekri a, objektif la dwe ekri klè kou dlo kòk. Se pat sa nou re remake. Sa yo, se vreman yon bann ti detay, men ki kote anpil.

Kounya ann gade  kote odyovizyèl ti chouchou nou an. Anpil moun panse, sou pwen sa a, zafem fe zero. La ankò, m pa kwè moun yo peche. Genyen show ki pale sou sa , m pa sonje depi kilè n’ap plede plenyen pou bagay sa a, : «  Ti mesye Zafèm yo dwe panche sou medya yo, li pa posib pou yo ap chèche evolye dèyè do medya yo ». Lè nou  di sa , anpil moun te pranl pou yo atak jis pakse nou te oze manyen yon sijè sansib sou yon gwoup sansib. Poutan , konpotman 8 jiyè a pral konfime deklarasyon nou yo.

Pa etone nou si nou tande tout dega Dener ak Reginald fè pandan 2 jou nan Mellrose Berlroom nan pa nan achiv gwoup la. Aloske, sipò odyovizyèl telman konte nan istwa yon enstitisyon kounya, se bagay ou pa ta menm imajine. Dayè, nou dwe raple nou, depi nan lane 2000, mond la ap fè fas avek sa yo rele nouvo teknoloji yo, se sa ki eskplike yon moun tankou Ti Manno pa egzanp pa gen twòp sipò odyovizyèl ki disponib pou li. Aloske, se te yon atis fenominal nan istwa mizik peyi a.

Mwen vreman pa ta swete pou aprè  10 lane pou kalite fòmasyon mizikal sa a ta disparèt nan memwa istwa peyi a.  Erezman, zouti yo disponib.

Junior Luc Journaliste/ Duking Show

Spread the love

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *